L’appel au secours du Premier ministre Ariel Henry

Black Immigrant Daily News

The content originally appeared on: Le Nouvelliste

S?m yo, Fr?m yo, Ch? Konpatriy?t

Map salye nou tout andedan, tankou andey? peyi a. Mwen kw? li bon nan situyasyon grav peyi a ap trav?se la a, f?k mwen vi-n f? yon pale ak nou, sou pwobl?m kap brase bil peyi a e ki mete nou tout nan t?t chaje.

Nan pakou politik mwen, mwen toujou aprann, se nan dyal?g, nan kons?tasyon ak nan t?t ansanm, pou nou jwen mey? solusyon pou pwobl?m nou yo. Map pale yon langaj verite e mande nou pran yon ti tan pou nou reflechi sou sa kap pase nan peyi a depi twa semenn.

Ayisy?n, Ayisyen, se ak t?t nou map pale jodi a. Mwen konnen nou tout ap trav?se yon moman difisil. Tout bagay monte t?t n?g e chak jou ki pase nan kondisyon sa yo, bagay ap vi-n pi r?d pou manman ak papa pitit. P?m?t mwen poze nou k?k kesyon ke map mande nou diskute ak fanmi nou, ak zanmi nou, ak moun ki gen menm enter? ak nou.

Gen moun ki gen pwobl?m, paske gouv?nman an di f?k gen plis k?b ki rantre nan k?s Leta, ki pou s?vi Leta, paske nou egzije tout moun, san paspouki, peye tout sa yo dwe ladwann ak DGI. Nan nouvo Ayiti nou vle a, nou s?ti pou nou chanje fason nou konn jere finans Leta. Chody? a pa ka toujou ap bouyi yon s?l b?.

Mwen dil deja, e map repetel, krich pa kannari, kannari pa sous, f?k nou utilize sa nou genyen pou nou bay pi f? p?p la, sutou sa ki pi mal yo yon minim?m s?vis tou. F?k nou dak? ak mwen, nou pa ka pran tout res?t ladwann pou s?vi yon ti gwoup moun e pou nou subvansyone yo grenn pwodui.

F?k nou konnen, l? nou bay 50 a 60 milya goud pou subvansyone yon s?l pwodui nan benefis yon gwoup moun, pa rete mwayen ank? pou nou ede manman ak papa pitit pou rantre lek?l la. Pa rete k?b pou nou ta menm sonje bay yon subvansyon pou f? pri manje bese. Pa rete anyen pou nou ta bay yon ogmantasyon pou ede anplwaye Leta jere enflasyon an.

P?p ayisyen louvri je nou, t?t kl?, pou nou konprann byen sa kap pase sou t?ren an jodi a. Pa kite z?t kap defann enter? p?son?l yo, mete egzistans ak avni pitit nou an danje.

Eske nou panse tout bon vre, n?g ak gwo zam fann fwa kap tire sou Lapolis ak Lame pou anpeche yo louvri wout pou gaz la ka soti nan t?minal yo, se nan enter? p?p ayisyen, nan enter? pa nou yap travay ?

Aa, ouv? je nou !

Eske se paske yo renmen nou, paske yo vle w? nou f? pwogr?, yo bloke tout wout nan peyi a, pa kite nou sikule pou nal ch?che la vi pou bay pitit nou manje ?

Aa ouv? je nou !

Eske se nan enter? nou yap travay, l? yo pran tout yon peyi an otaj epi anp?che pitit nou al lek?l, anpeche malad ale pran swen lopital, anpeche moun jwenn dlo potab pou yo bw?, e menm bare wout pou manje pa ka sikule nan peyi a. Tout sa nan yon moman kote kolera retounen lakay nou.

Aa ouv? je nou !

Konp?tman ir?sponsab e krimin?l moun sa yo, kreye yon kriz umanit? nou pa janm w?, nou pa janm viv sou la t? Dayiti e ki menase ank? souver?nte peyi Papa Desalines lan. Nou pa ka kanpe gade k?k grenn bandi, ki asosye ak k?k move politisyen e k?k move ?m daf?, plonje peyi nou an nan yon katchouboumbe san parey.

Jodi a, map lanse yon ap?l solan?l bay tout p?p ayisyen an, bay tout moun b?n volonte, pou nou f? tande vwa nou, pou nou mobilize, pou nou rasanble, pou nou bare lawout a tout move zangi ki panse yo ka mete tout yon p?p ajenou, e panse se s?l wout pou yo rive pran pouvwa.

Map mande tout komunote ent?nasyonal la, tout peyi zanmi Ayiti yo, pou yo pote kole ak nou, e ede nou konbat kriz umanit? sa a. Map mande ?d, akonpayman ak sekou. Nou bezwen yo ba nou tout kalte sup? ki neses?, pou evite moun mouri pa pil e pa pak?t, si nou pa f? anyen. Nou vle pou dlo potab ak medikamen rive jwenn moun ki malad yo nan moman kolera k?manse tounen, pou izin kap pwodui dlo potab yo rek?manse fonksyone, nou bezwen dokt? ak enfimy? jwenn wout pou rive nan lopital yo, pou lambulans ka sikule, pou lopital rek?manse fonksyone. Nou vle yo, ede nou libere wout yo nan tout peyi a, pou gaz la ka soti al nan pomp yo tou patou, pou tout ti moun ka ale lek?l san k? sote, pou tout moun ka vake a okupasyon yo san p? e san krent.


Ayisy?n, Ayisyen,

Situyasyon an grav. An nou pran destin nou an men. An nou f? pr?v de konpasyon e dumanite. An nou leve eskamp figi peyi a. An nou mete t?t nou ansanm, pit kou mawo, zannanna kou pengwen, pou nou chanje sa. An nou f? sa pou Ayiti.

Ayiti pa ka peri. Ayiti pap peri.

Ke Bondye kontinye gade e beni AYITI.

R?agir ? cet article

Please enable JavaScript to view the comments powered by Disqus.

NewsAmericasNow.com

Advertisements
0 replies

Leave a Reply

Want to join the discussion?
Feel free to contribute!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *